Menu Principal

Direksyon Sanitè Depatmantal Latibonit la resevwa jounen jedi 21 Dawout 2025 nan vil Gonayiv yon flòt materyèl ki genyen 9 machin pou 4 depatman nan Gran Nò a ak 2 kamyon medikaman pou CDAI Latibonit la. Direktè Depatmantal sanitè Latibonit la Dr Francito Datus remèsye manm KPT yo, premye Minis ayisyen ak Minis MSPP a Dr Sinal Bertrand pou bèl jès sa.